Kai - Demisyone Şarkı Sözleri

Sa fè deja lontan ke n'ap travay sou menm projè
Chak jou n'ap fè deba se yon fason pou'n ka wè klè
N'ap bay lè n'ap punche e nou menm fè over time
Se sa travay la mande fòn pa dekouraje
Tan vinn pase sou nou, sevre defwa mwen fè erè
M'eseye malgre tou m'santi wap pèdi enterè
Pa menm banm pre avi se tankou kontra'm fini
Men'n pa sou menm paj, se domaj ou gentan bese les bras

Cheri'w demisyone, m lage'l
Sanble'w demisyone
Cheri'w demisyone
Granm maten sa ou gentan soti pou banm lagee a
Cheri'w demisyone, lageee a
Sanble'w demisyone
Cheri'w demisyone

Oh se tankou ou minote'm cheri fò di'm ki kote'w kanpe
Èske w'ap kite'm oubyen fòk mwen demisyone
Pa menm banm pre avi se tankou kontra'm fini
Men nou pa sou men paj, se domaj nou gentan bese les bras

Cheri'w demisyone, m lage'l
Sanble'w demisyone
Cheri'w demisyone
Granm maten sa ou gentan soti pou banm lagee a
Cheri'w demisyone, lageee a
Sanble'w demisyone
Cheri'w demisyone
Granm maten sa ou gentan soti, woy

Gadon'w kai sa se yon lòt bagay

Nan kai sa
Cheri'w demisyone

Pagen jwèt nan sa

Apa'w sezi

Sa tou nèf

Si'w pa vle'm okipe pòs sa
Fò w gen kouraj pou di'm
Djòb mwen menase (cheri), pagen securite
Si'w santi se ou ki boss la
Fò w gen kouraj pou di'm
Djòb mwen menase (non cheri), pa gen sekirite

Menm si'w banm yon milyon dola
M'sèmante mwen pap fon pa
Pa bay tèt ou manti (non cheri), djòb sa pou la vi
Menm si pou m'al nan lanfè pou'm goumen ak lisifè
Pa bay tèt ou manti (non cheri), djòb sa pou la vi

Si'w pa vle'm okipe pòs sa
Fò w gen kouraj pou di'm
Djòb mwen menase (cheri), pagen securite
Si'w santi se ou ki boss la
Fòk ou gen kouraj pou di'm
Djòd mwen menase (non cheri), pagen sekirite

Pa gen sekirite

Reset

Cheri'w demisyone, lageee
Sanble'w demisyone
Cheri'w demisyone
Granm maten sa cheri soti pou bay lageee
Cheri'w demisyone, lageee
Sanble'w demisyone, lageee
Cheri'w demisyone
Bu şarkı sözü 452 kere okundu.